Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Timote

Chapit 5

« 1 Timote 4 1 Timote 1 Timote 6 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Se pa pou w fè yon granmoun gason obsèvasyon, men, ankouraje l pito tankou yon papa; jenn gason yo menm, tankou frè;
2 granmoun fi yo, tankou manman, jenn fi yo, tankou sè, ak yon pwòpte nan kè ki total.
3 Se pou w onore vèv ki vèv tout bon vre yo.
4 Men, si yon vèv ta gen pitit, oswa neve, kite ke se yo premyèman ki montre devouman pou lakay yo, epi ke yo remèt paran yo sa ke yo te resevwa nan men yo a; paske se yon bagay ki bon e ki konvnab devan Bondye.
5 Men, sila a ki se yon vèv tout bon vre a, ki pou kò l, l ap met konfyans li nan Bondye, e l ap kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kou lannuit.
6 Alòske, sila a k ap viv nan plezi a, li mouri pandan menm ke l ap viv la.
7 E, di yo fè bagay sa yo dekwa pou yo ka san repwòch.
8 Men, si yon moun pa pran swen fanmi li, espesyalman moun ki lakay pa l yo, li nye lafwa, e li pi mal pase yon enfidèl.
9 Se pa pou aksepte yon vèv enskri nan lis la si li gen mwens pase swasant an, e ke l te madanm yon sèl nonm,
10 ke yo rapòte bòn zèv li fè, si l te elve pitit, si l te resevwa etranje lakay li, si li te lave pye Sen yo, si li te pote sekou bay moun ki nan tristès, si li te kouri fè tout kalite bòn zèv.
11 Men kanta pou jenn vèv yo, refize yo; paske lè plezi vin fè yo detache ak Kris, y ap marye;
12 e y ap kondane, poutèt yo rejte premye angajman yo a.
13 E konsa, yo aprann vin aryennafè, y ap pwomennen de kay an kay; e, non sèlman yo aryennafè, mentou, yo tripòt e yo fouyapòt, k ap di bagay yo pa ta dwe di.
14 Kidonk, mwen vle ke jenn fi yo marye, ke yo fè pitit, okipe lakay yo, pou yo pa bay lènmi an okenn okazyon pou l pale ak repwòch.
15 Paske, gen kèk ki gentan vire sou kote al jwenn Satan.
16 Si nenpòt ki kwayan gason oswa fi ta gen vèv, se pou li asiste yo, e pa kite se legliz ki pran chaj la, dekwa pou ke l ka ede sila ki vèv tout bon yo.
17 Fè ansòt pouke ansyen k ap byen dirije yo gen dwa pou yo resevwa yon onè ki double, espesyalman sila k ap travay nan prèch ak nan ansèyman.
18 Paske Lekriti di: Ou pa gen dwa met baboukèt nan bèf k ap dekòtike grenn nan. Epi, li di: Ouvriye a merite salè li.
19 Se pa pou w resevwa yon akizasyon kont yon ansyen, eksepte devan de oswa twa temwen.
20 Sila ki peche yo, reprimande yo devan tout moun, dekwa pou lòt yo va gen krentif.
21 Mwen kòmande w devan Bondye, ak Senyè Jezi Kris, ak zanj ki chwazi yo, pouke w obsève bagay sa yo san ke w pa prefere youn pase lòt, e ke w pa fè anyen nan paspouki.
22 Pinga w prese al poze lamen sou pèsonn, nitou, pinga w patisipe nan peche lòt moun; kenbe tèt ou pwòp.
23 Pa bwè dlo sèlman, men, pran yon ti diven poutèt lestomak ou ak maladi ke w soufri detanzantan yo.
24 Gen kèk moun ke peche yo parèt aklè alavans sou wout pou y al nan jijman an; alòske pou kèk lòt, se apre y ap parèt.
25 Se menm jan an tou, bòn zèv kèk moun parèt aklè alavans; e, sa k pa konsa yo pa kapab rete kache.
« 1 Timote 4 1 Timote 1 Timote 6 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!