Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Timote

Chapit 6

« 1 Timote 5 1 Timote 2 Timote 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Se pou tout sèvitè ki anba jouk konsidere mèt yo tankou moun ki merite tout onè, dekwa pou non Bondye ak ansèyman Li an pa blasfeme.
2 Epi, se pou sila ki gen mèt ki se kwayan tou yo pa meprize mèt yo, poutèt ke se frè yo ye a; okontrè, se pou yo sèvi byen ak mèt yo, paske se fidèl e byeneme k ap chèche benefis pou yo. Bagay sa yo, se pou w anseye yo e ankouraje yo.
3 Si nenpòt ki lòt moun ta anseye sa ki diferan, e ke li pa ta dakò ak pawòl ki kòrèk yo, ki vle di, pawòl Jezi Kris Senyè nou an, epi ak ansèyman ki dapre devosyon an,
4 li se yon moun ki plen ak lògèy, ki pa konn anyen, men ki gen maladi poze kesyon ak fè diskisyon sou siyifikasyon mo, bagay sa ki mennen a anvi, kont, malpalans, move kalite mefyans,
5 diskisyon san sans moun ki gen sèvo ki kowonpi, epi ki pa gen verite a nan yo, ki kwè ke devosyon pou Bondye se yon mwayen pou gen lajan; wete kò w sou moun konsa!
6 Men, devosyon pou Bondye ki vin ansanm avèk kontantman, se yon gwo diplis.
7 Paske, nou pa t vin ak anyen nan monn sa a; e, se sèten ke nou pa ka pote anyen ale nonplis.
8 Lè nou gen manje ak rad, se pou nou kontante n ak sa.
9 Men, sila ki vle vin rich yo tonbe nan tantasyon e nan yon pyèj, ak nan anpil move anvi san sans e plen ak danje, ki plonje lèzòm nan destriksyon ak pèdisyon.
10 Paske renmen lajan se rasin tout kalite mal; e se dèyè l ke kèk moun t al kouri, kifè ke yo pèdi chemen lafwa a, epi yo lage tèt yo nan anpil touman.
11 Men ou menm, òm Bondye, se pou w kouri pou bagay sa yo; e pito, suiv chemen jistis, devosyon pou Bondye, lafwa, lanmou, pasyans, ak bonte.
12 Konbat bon batay lafwa a, met men sou lavi etènèl la ke w te aple pou li tou a, epi ke w te fè yon bèl demonstrasyon de li a devan anpil temwen.
13 M ap ba w lòd sa a nan prezans Bondye ki bay tout bagay lavi, e devan Kris Jezi, ki te temwaye yon bon jan konfesyon devan Pons Pilat,
14 se pou w kenbe kòmandman sa a san tach, san repwòch, pou jis lè aparisyon Senyè nou an Jezi Kris,
15 ki va parèt nan tan ke Li fikse a, Li menm ki beni e ki se sèl Potanta, Wa tout wa yo, e Senyè tout senyè yo;
16 Li menm sèl ki gen imòtalite, ki abite nan limyè ke pyès moun pa ka pwoche kote l la, Li menm ke pèsonn pa janm wè a, ni ke yo pa ka wè a; se pou Li menm onè ak puisans pou toutan! Amèn.
17 Kòmande moun ki rich nan monn sa a, pou yo pa met nan tèt yo ke yo siperyè, nonplis pou yo pa met konfyans yo nan richès ki pa kanpe sou anyen, men pito nan Bondye Vivan an, ki ban nou an kantite, tout bagay pou nou ka jwi de yo;
18 se pou yo fè byen, pou yo rich nan bòn zèv, pou yo pare pou bay, pou yo gen volonte pataje;
19 pou yo met nan depo pou tèt pa yo yon bon fondasyon kont tan ki gen pou vini yo, dekwa pou yo kenbe lavi etènèl la fèm.
20 O Timote, kenbe bagay sa ke yo mete sou responsablite w yo, padan ke w evite vye koze pèvèti e san sans, ak swadizan opozisyon ki sot nan fo konesans,
21 ke kèk moun ap anseye, sa ki lakòz yo detounen nan chemen lafwa a. Se pou gras la avèk ou! Amèn.
« 1 Timote 5 1 Timote 2 Timote 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!