Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 2 Timote

Chapit 1

« 1 Timote 6 2 Timote 2 Timote 2 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Pòl, yon apot Jezi Kris dapre pwomès lavi a ki nan Kris Jezi;
2 a Timote, pitit gason trè byenneme mwen an; gras, mizerikòd ak lapè ki soti kote Bondye Papa a ak Kris Jezi, Senyè nou an.
3 Mwen remèsye Bondye ke m ap sèvi a, jan zansèt mwen yo te fè l ak yon konsyans ki pwòp la, se san rete ke mwen sonje w nan lapryè m, lannuit kou lajounen.
4 Mwen anvi wè w anpil, lè dlo nan je w yo pase nan lide m; konsa, mwen va plen ak lajwa
5 lè m ap sonje lafwa fèm ki nan ou a; ki te an premye lakay Loyis, granmè w, ak nan Enis, manman w, epi ke m gen asirans ki nan ou tou a.
6 Se poutèt sa ke m ap raple w pou w chofe dife don Bondye ki te vin nan ou a, pa mwayen enpozisyon men mwen.
7 Paske Bondye pa t ban nou yon lespri kapon, men pito yon lespri puisans, ak lanmou, ak bon konprann.
8 Konsa donk, pinga w wont temwayaj Senyè a, nonplis tou pa wont mwen menm, prizonye Li a; men, se pou w pataje nan soufrans levanjil la, ann akò ak puisans Bondye,
9 ki te sove nou, e ki te rele nou ak yon apèl ki sen; nonpa dapre zèv nou, men pito dapre plan pa L avèk gras Li a ke Li te ban nou nan Kris Jezi anvan lemonn te egziste,
10 men, ki vin aklè kounye a, ak aparisyon Senyè nou an, Jezi Kris, ki aboli lanmò, epi, ki fè ke lavi ak imòtalite vin yon reyalite pa mwayen levanjil la.
11 Se pou li ke yo nonmen m yon predikatè, yon apot, e yon anseyan pou Payen yo.
12 Se pou rezon sa a ke m ap soufri bagay sa yo tou; men, mwen pa wont, paske m konnen kiyès mwen kwè nan Li a, e mwen asire ke Li gen pouvwa pou Li kenbe sa ke m lage nan men Li a, pou jis rive nan jou sa a.
13 Kenbe fèm nan jan de pawòl solid ke w te tande m ap di yo, nan lafwa ak lanmou ki nan Kris Jezi a.
14 Bon bagay sa ke yo ba w responsab li a, se pou w kenbe l pa mwayen Lespri Sen an ki abite nan nou.
15 Ou te konn sa, tout sila ki ann Azi yo vire do kite m; e, pami yo gen Fijèl ak Emojèn.
16 Se pou Senyè a gen mizerikòd pou moun lakay Onezifò yo, paske li te ankouraje m souvan; lèfini, li pa t wont chenn mwen yo.
17 Okontrè, lè misye te vin Wòm, li kouri vit chèche wè m, e li te jwenn mwen.
18 Se pou Senyè a fè l favè sa a, pou ke misye va jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a. E, ou konn trèbyen ki kantite sèvis misye te rann mwen nan Efèz.
« 1 Timote 6 2 Timote 2 Timote 2 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!