Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 2 Timote

Chapit 2

« 2 Timote 1 2 Timote 2 Timote 3 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Ou menm menm atò, pitit gason m, se pou w gen kouraj nan gras la ki nan Kris Jezi a.
2 Bagay sa ke w tande nan bouch mwen yo, pami plizyè temwen, se pou w pase bay yo tou a moun ki fidèl, ki va kapab anseye lòt tou.
3 Ou menm atò, se pou w sipòte doulè tankou yon bon sòlda Jezi Kris.
4 Okenn moun k ap batay nan lagè pa trakase tèt li ak lòt pwoblèm lavi a, dekwa pou li ka fè moun ki anwole l la plezi.
5 Konsa tou, si yon moun al nan konpetisyon atletis, yo pa p kouwòne li eksepte si li te opere dapre règleman yo.
6 Kiltivatè ki travay di a, se li anpremye ki pou resevwa nan rekòt la.
7 Gade sa m di a byen, e, ke Senyè a ba ou yon bon konprann nan tout bagay.
8 Sonje ke Jezi Kris, desandan David la, te resisite pami mò yo, dapre levanjil mwen an;
9 Se pou Li ke m ap soufri malè konsa, tankou yon malfektè; ata nan chenn mwen ye; men, Pawòl Bondye a pa nan chenn!
10 Konsa donk, mwen sipòte tout bagay poutèt moun ki eli yo, dekwa pou yo kapab yo menm tou resevwa sali nanm nan ki nan Kris Jezi a, avèk glwa etènèl la.
11 Se yon pawòl ki sèten: Si nou mouri avèk Li, nou va viv tou avèk Li;
12 si nou sipòte soufrans, nou va reye avèk Li tou; si nou nye Li, Li va nye nou tou.
13 Si nou pa fidèl, men Li menm, L ap rete fidèl; Li pa ka nye tèt Li.
14 Fè moun yo sonje bagay sa yo, rekòmande yo devan Bondye, pou yo pa nan fè diskisyon ki pa itil anyen dot ke destriksyon moun k ap koute yo.
15 Fè tout efò pou w prezante tèt ou akseptab devan Bondye, yon ouvriye ki pa gen rezon pou l wont; k ap separe pawòl verite a nan yon mànyè ki dwat.
16 Men, se pou w demake pawòl pwofàn ak rablabla ki pa itil anyen, paske se ogmante yo va ogmante enkredilite.
17 Lèfini, pawòl moun sa yo se devore l pral devore tankou yon kansè; pami yo, gen Imene ak Filèt,
18 ki pèdi lawout konsènan verite a; k ap di ke rezireksyon an fin pase deja, epi ki chavire lafwa kèk moun.
19 Men, fondasyon Bondye a kanpe fèm, li gen so sa a poze sou li: Senyè a konnen moun pa Li yo! Epitou, se pou tout moun k ap nonmen non Senyè a demake peche.
20 Men, nan yon gwo kay, non sèlman gen veso ann ò ak ann ajan, mentou, gen veso an bwa ak an tè; epi, yon kalite se pou sèvis onorab, yon kalite se pou sèvis dezonorab.
21 Konsa donk, si yon moun ta netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso onorab, sanktifye, e ki itil pou sèvis Mèt la, e ki pare pou tout bòn zèv.
22 Kouri demake move dezi ki koutim jenn moun yo; men pito, suiv ladwati, lafwa, lanmou, lapè avèk moun sa k ap rele Senyè a ak yon kè ki pwòp.
23 Men, se pou w demake diskisyon tèt cho e initil yo; ou konnen ke bagay sa yo se kont yo kreye;
24 alòske sèvitè Senyè a pa dwe nan kont. Okontrè, li dwe kal ak tout moun, an mezi pou l anseye, li dwe pasyan,
25 li dwe bay moun sa yo ki opoze a, enstriksyon avèk tanperans, pou sizoka Bondye ta va ba yo repantans pou mennen yo nan konesans verite a;
26 e, konsa, yo va pran tèt yo, epi soti anba pyèj dyab la, yo menm nan ke li te arete a pou fè volonte l.
« 2 Timote 1 2 Timote 2 Timote 3 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!