Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 2 Timote

Chapit 3

« 2 Timote 2 2 Timote 2 Timote 4 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Sa pou w konnen tou, sèke nan dènye jou yo, gen tan gwo danje ki pral vini.
2 Paske lèzòm va gen lanmou pou pwòp tèt yo, renmen lajan, djòlè, awogan, pale Bondye mal, rebèl ak paran, engra, sansal,
3 san afeksyon natirèl, pasensè, malpalan, san kontwòl, fewòs, lènmi bon moun,
4 trèt, fasil pou fè kòlè, plen ak ògèy, renmen plezi plis pase yo renmen Bondye,
5 y ap sanble yo gen devosyon pou Bondye men y ap nye puisans devosyon an. Separe w de moun konsa!
6 Paske, se kalite moun sa yo ki fofile kò yo anndan kay, epi yo pran tèt fanm egare ki chaje ak peche ki lage nan divès move dezi;
7 se moun ki toujou ap aprann, men ki pa janm rive nan konesans verite a.
8 Alò, menm jan Janès ak Kanbrès te leve kanpe kont Moyiz la, se konsa mesye sa yo reziste verite a; se moun ki gen lespri kowonpi, ki dezapwouve konsènan lafwa.
9 Men, yo pa p vanse al pi lwen, paske foli yo a va parèt aklè devan je tout moun, menm jan sa te rive pou de mesye sa yo.
10 Men ou menm, ou te konnen ansèyman m nan afon, jan ke mwen mennen lavi m, plan mwen, lafwa mwen, lanmou m, pasyans mwen,
11 pèsekisyon m yo, malè ki te vin tonbe sou mwen yo nan Antyòch, Ikòn, ak nan Lis. Ki pèsekisyon ke mwen pa sipòte? Men, Senyè a te delivre m anba yo tout!
12 Wi, e tout moun ki va mennen yon lavi ki devwe pou Kris Jezi, ap gen pou soufri pèsekisyon.
13 Men, moun mechan yo ak rize yo va gen pou vin pi mal toujou; y ap detounen lòt moun; e, pou tèt pa yo, yo detounen.
14 Men ou menm, se pou w kontinye nan bagay sa ke w te aprann yo, e ke w te gen asirans nan yo a, paske, ou konnen nan men kiyès ke w te aprann yo.
15 Vrèmanvre, se depi w piti ke w te konnen Ekriti ki sen yo, ki kapab fè w vin saj pou rive nan sali nanm, pa mwayen lafwa nan Kris Jezi.
16 Tout Ekriti soti nan enspirasyon Bondye, e li itil pou ansèyman, pou obsèvasyon, pou koreksyon, pou enstriksyon nan bagay ki dwat,
17 dekwa pou moun pa Bondye a kapab okonplè, byen fòme pou tout kalite bòn zèv.
« 2 Timote 2 2 Timote 2 Timote 4 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!