Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 2 Timote

Chapit 4

« 2 Timote 3 2 Timote Tit 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Alò, m ap ba w chaj sa a devan Bondye ak devan Senyè Jezi Kris, ki va gen pou jije e vivan e mò lè Li parèt epi ke Li tabli wayòm Li an.
2 Preche Pawòl la san rete, kit nan bon tan, kit nan move tan. Demanti, blame, egzòte avèk pasyans ak ansèyman.
3 Paske, tan yo ap vini lè moun yo pa p tolere ansèyman kòrèk la; men, se dapre pwòp move dezi yo ke yo va anpile pwofesè pa yo, poutèt zòrèy yo grate yo.
4 Alèkile, yo va detounen zòrèy yo de verite a, epi yo va vire nan lejann.
5 Men ou menm, se pou w veyatif nan tout bagay; andire malè, fè travay yon evanjelis dwe fè, akonpli ministè w kòm sa dwa.
6 Paske, kounye a mwen pre pou ke yo bay mwen kòm ofrann; e lè pou m ale a rive.
7 Mwen goumen yon bon batay, mwen fini kous mwen an, mwen kenbe lafwa.
8 Kounye a la a, gen yon kouwòn jistis ki pare pou mwen, ke Senyè a, Jij ki jis la, va ban mwen nan jou sa a; e, se p ap bay mwen menm sèlman non, men bay tout sila yo tou ki va renmen retou Li a.
9 Fè vit pou vin kote m tousuit,
10 paske Demas vire do kite m palefèt ke l renmen tan kounye a; kidonk, misye ale Tesalonik. Kresan al Galasi, epi Tit al Damasi.
11 Se Lik sèl ki la avè m. Pran Mak, e mennen misye avèk ou, paske li itil mwen nan ministè a.
12 Epi Tichik, mwen voye misye Efèz.
13 Manto a ke m te kite Twowas nan men Kapis la, lè w ap vini, pran l avèk ou, ansanm ak liv yo; men espesyalman, pachemen yo.
14 Aleksann, bòs fòjwon an, te fè m anpil mal; Senyè a va remèt misye sa dapre zèv li yo.
15 Fè atansyon ak misye tou, paske li te opoze l ak fòs kont pawòl nou yo.
16 Nan premye repons ke m te bay la, pèsonn pa t kanpe avè m, men tout mesye yo te lage m; mwen priye Bondye pou sa pa konte kont yo.
17 Men, Senyè a te kanpe la avè m, e Li te ban m fòs, pou ke se pa mwayen mwen menm ke predikasyon te akonpli nèt, e ke tout Payen yo te ka tande. E konsa, mwen te delivre anba bouch lyon an.
18 Senyè a va delivre m anba tout move zèv, epi L ap prezève m pou wayòm Li nan syèl la. Se Li menm ki pou gen glwa pou letan e pou toutan! Amèn.
19 Salye Priska ak Akilas, epi moun kay Onezifò yo.
20 Eras te rete Korent; men Twofim, mwen te kite misye malad nan Milè.
21 Fè vit pou w vini anvan ivè a. Ebilis voye salye w ansanm ak Pidens, Linis, Klodya, e tout frè yo.
22 Ke Senyè Jezi avèk lespri w! Se pou gras la avèk ou! Amèn.
« 2 Timote 3 2 Timote Tit 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!