Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Tit

Chapit 1

« 2 Timote 4 Tit Tit 2 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Pòl, sèvitè Bondye, e apot Jezi Kris, pou lafwa sila ki se Chwazi Bondye yo, epitou, pou konesans laverite ki dapre devosyon pou Bondye;
2 nan esperans lavi etènèl, ke Bondye, ki pa kapab bay manti, te pwomèt anvan lemonn te kreye;
3 men, nan tan Li te fikse a, Li demontre Pawòl Li a, pa mwayen prèch ke Li te konfye ban mwen, dapre lòd Bondye, Sovè nou an.
4 A Tit, pwòp pitit gason m dapre lafwa nou toude gen ansanm nan; gras, mizerikòd, ak lapè ki soti kote Papa a, ak Senyè Jezi Kris Sovè nou an.
5 Se pou rezon sa a mwen te kite w Krèt, se pouke w te met lòd nan bagay sa ki gen pou regle yo, epi, pou w te nonmen ansyen nan chak vil, tankou m te kòmande w la.
6 Si genyen ki san repwòch, mari yon sèl madanm, e ke li gen pitit ki fidèl, ke yo pa akize kòmkwa yo nan debòch, oswa nan rebelyon;
7 paske, yon evèk dwe san repwòch, antan ke administratè pou Bondye; se pa pou li awogan, ni fasil fè kòlè, ni tafyatè, ni vyolan, ni nan magouy pou lajan.
8 Men, li dwe renmen ospitalite, li dwe apresye bon moun, li dwe yon moun serye, ki jis, sen, poze;
9 ki kenbe fèm ak Pawòl fidèl la, jan ke yo te aprann li l la, pouke, pa mwayen ansèyman ki kòrèk, li kapab egzòte, e bay moun ki opoze l yo repons.
10 Paske, gen anpil rebèl, paladò, ak mètdam, sitou pami moun sikonsizyon yo;
11 Se pou fèmen bouch moun sa yo k ap boulvèse fanmi tout antye, dèske y ap anseye bagay ke yo pa dwe anseye, pouke yo ka fè lajan nan koken.
12 Youn nan yo ki se pwofèt pa yo te di: Moun Krèt yo toujou mantè, se bèt mechan, vant ki lou.
13 E, temwayaj sa a, se laverite; konsa donk, se pou w obsève moun yo sevèman, de fason aske yo kòrèk nan lafwa yo,
14 pouke yo pa atache yo ak fab Jwif, ak kòmannman lèzòm, ki yo menm kite chemen laverite a.
15 Pou moun ki pirifye a, tout bagay pirifye; men, pou moun ki nan salte, ak moun ki pa kwè yo, anyen pa pirifye; men, ata lide yo ak konsyans yo sal.
16 Yo deklare yo konn Bondye, men nan zèv yo, se nye yo nye Li, yo nan abominasyon, nan rebelyon, epi, yo pa kalifye pou fè okenn zèv ki bon.
« 2 Timote 4 Tit Tit 2 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!