Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Tit

Chapit 2

« Tit 1 Tit Tit 3 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Men, ou menm, di bagay ki ann akò ak doktrin kòrèk la;
2 Se pou granmoun gason yo modere nan bweson, se pou yo respektab, yo dwe kontwole tèt yo, yo dwe kòrèk nan lafwa yo, nan lanmou, ak nan pasyans.
3 Granmoun fi yo, menm jan an, se pou yo gen konpòtman moun ki sen; se pa pou yo malpalan, se pa pou yo nan bwè anpil diven, se moun ki pou ap bay bon konsèy,
4 konsa, yo va aprann jenn medam yo pou yo modere, pou yo renmen mari yo, pou yo renmen pitit yo,
5 pou yo se moun ki rezève, ki onèt, k ap okipe lakay yo, moun ki bon moun, moun ki obeyi pwòp mari yo, dekwa pou moun pa pale Pawòl Bondye a mal.
6 Jenn gason yo, menm jan an tou; egzòte yo pou yo modere nan lide yo.
7 Nan tout bagay, ou dwe demontre ke ou se yon modèl pou bòn zèv; nan ansèyman, ou dwe demontre entegrite, serye ak senserite;
8 pawòl kòrèk ke yo pa ka kondane, pouke moun ki opoze a li a, ta ka wont, difèt ke l pa gen anyen mal pou di sou ou.
9 Egzòte sèvitè yo pou yo obeyi pwòp mèt yo, pou fè yo plezi nan tout bagay; san bay replik,
10 Pou yo pa nan vòlè, men pito, pou yo demontre bon jan fidelite tout tan, dekwa pou yo fè onè doktrin Bondye Sovè nou an, nan tout bagay.
11 Paske, gras Bondye ki se sous sali nanm nan, te parèt pou tout moun wè.
12 Li aprann nou rejte zak derespektan anegad Bondye, ak dezi lemonn, pou nou viv ak rezèv, ak jistis, ak devosyon nan tan kounyè a,
13 pandan n ap tann esperans beni an, ak aparisyon nan laglwa, gran Bondye e Sovè nou an, Jezi Kris;
14 ki te bay tèt Li pou nou, dekwa pou Li te ka rachte nou anba tout inikite, epi, pou Li pirifye pou Limenm, yon pèp apa, ki gen mache prese pou fè bòn zèv.
15 Deklare bagay sa yo, ansuit, egzòte, epi korije ak tout otorite w. Pa kite pèsonn meprize w.
« Tit 1 Tit Tit 3 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!