Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Tit

Chapit 3

« Tit 2 Tit Filemon 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Fè moun yo sonje ke yo dwe soumèt devan dirijan yo ak otorite yo; pou yo obeyi yo, epi, pou yo pare pou tout bòn zèv.
2 Pou yo pa pale pèsonn mal, pou yo pa nan goumen; men pito, pou yo dou, e, pou yo demontre jantiyès ak tout moun.
3 Paske, nou menm tou, te gen yon lè, nou te egare, rebèl, nan erè, nou te esklav divès kalite dezi ak plezi, nou t ap viv nan malfezans ak jalouzi, nou te rayisab, epi nou youn te rayi lòt.
4 Men, apre ke bonte ak lanmou Bondye Sovè nou an genyen pou lèzòm, te vin parèt,
5 nonpa akòz zèv jistis ke nou te fè, men pito, dapre mizerikòd Li; Li sove nou, pa mwayen batèm rejenerasyon an, epi renouvèlman ke Lespri Sen pwodui a;
6 ke Li repann sou nou ann abondans, gras a Jezi Kris Sovè nou an.
7 Konsa, lefèt ke nou jistifye pa gras Li, nou ka vin eritye, dapre esperans lavi etènèl la.
8 Sa a, se yon pawòl ke w mèt fè konfyans; e bagay sa yo, mwen vle pou w ap pale de yo tout tan, pouke moun ki kwè nan Bondye yo, ka veye pou kontinye fè bòn zèv. Bagay sa yo bon, e yo pwofitab pou lèzòm.
9 Men, evite kesyon san sans, ak lis orijin, ak diskisyon, epi ak pale anpil sou zafè lalwa; paske, yo pa pwofitab, ni yo pa regle anyen.
10 Si gen yon nonm k ap lakòz divizyon; apre premye e dezyèm avètisman ke w ba li, se pou w rejte l;
11 ou konnen ke yon moun konsa, se yon pèvèti, moun k ap peche, epi, ki kondane pwòp tèt li.
12 Lè ma voye Atemas oswa Tichik ba ou, fè dilijans pou w vin jwenn mwen Nikopolis, paske, se la mwen deside pase sezon livè a.
13 Pran swen vwayaj avoka Zenas ak Apolòs la avèk dilijans, pouke yo pa manke anyen.
14 Epitou, fè moun yo aprann pratike bòn zèv, pou yo ede nan ka nesesite konsa, dekwa pou yo pa rete san donnen fwi.
15 Tout moun ki avèk mwen yo, salye w. Salye moun ki renmen nou nan lafwa yo. Ke gras la avèk nou tout! Amèn.
« Tit 2 Tit Filemon 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!