Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Filemon

Chapit 1

« Tit 3 Filemon Ebre 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Pòl, prizonye pou Jezi Kris, epi Timote, frè nou, a Filemon, chè byenneme nou, e konpayon nou nan travay la,
2 epitou, a byenneme Afya, ak Achip ki se sòlda parèy ak nou, e a asanble ki lakay ou a.
3 Gras pou nou, ak lapè ki soti kote Bondye Papa nou an, ak Senyè Jezi Kris.
4 Mwen remèsye Bondye m nan dèske mwen toujou ap nonmen non w nan lapriyè m;
5 lè mwen tande nouvèl de lanmou w ak lafwa ke w genyen nan Senyè Jezi Kris, e pou tout sen yo;
6 pouke kominyon lafwa w la kapab pote rezilta lè moun vin pran konesans de tout bon travay ki lakay ou, nan Jezi Kris.
7 Paske, nou te gen gwo lajwa ak konsolasyon nan lanmou w, difèt ke kè Sen yo te soulaje gras a ou, frè a.
8 Se sa k fè, kwake mwen gen tout asirans nan Kris pou m ta kòmande w fè sa ki konvnab,
9 men, akòz lanmou, mwen pito sipliye w, palefèt ke m konsa a, Pòl, ki granmoun nan, epi, kounye a tou, prizonye pou Jezi Kris.
10 M ap sipliye w pou pitit gason mwen an, Onezim, ke m te bay nesans pandan m nan chenn yo;
11 li menm ki, nan tan pase yo pa t benefisye w anyen, men ki kounye a, pwofitab e pou ou, e pou mwen.
12 Se li ke mwen voye tounen; konsa, ou menm, resevwa li, li se pwòp kè mwen;
13 li menm ke m ta kenbe avè m, pou ke nan plas ou, li ta sèvi m pandan ke m nan chenn pou levanjil la.
14 Men, san konsantman w, mwen pa t ap fè anyen, dekwa pou sèvis ou a ta vin kòmsi se te yon bagay yo te fòse w fè, men pito, kòm yon bagay ke w te gen volonte pou w fè.
15 Epi, petèt konsa tou, li te pati pou yon tan, pouke w te vin resevwa l pou tout tan.
16 Men, se pa tankou yon esklav, men siperyè a yon esklav, yon frè byenneme, espesyalman frè pa m, e plis pou ou toujou, e nan lachè, e nan Senyè a.
17 Konsa, si w konsidere m tankou patnè w, resevwa l tankou se ta mwen menm.
18 Si li te fè w yon bagay ki mal oswa ke l te dwe w, met sa sou kont mwen.
19 Mwen menm Pòl, mwen ekri sa ak pwòp men m, m ap repeye l; san ke m pa menm pale w kòman ke ou menm, ou dwe m menm tèt pa w ankò.
20 Wi, frè a, fè m plezi sa a, nan Senyè a; soulaje kè m, nan Senyè a.
21 Se paske mwen gen konfyans nan obeyisans ou, kifè m ekri w; paske, mwen konnen tou, ke w ap fè plis pase sa m di a.
22 Men, pandanstan, pare yon chanm pou mwen, paske mwen kwè ke gras a lapriyè nou yo, ke yo va libere m ban nou.
23 Moun ki salye w yo, se Epafras, prizonye parèy mwen pou Jezi Kris,
24 Mak, Aristak, Demas, Lik, moun ki se travayè parèy mwen.
25 Ke gras Senyè Jezi Kris la, avèk lespri nou! Amèn.
« Tit 3 Filemon Ebre 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!