Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 2 Jan

Chapit 1

« 1 Jan 5 2 Jan 3 Jan 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Ansyen an, a dam Chwazi a, ak pitit li yo, ke mwen renmen nan laverite a, e, non sèlman mwen menm, mentou, tout moun yo ki te konnen laverite a.
2 Pou byennèt laverite a ki abite nan nou an, e ki gen pou rete avèk nou pou tout tan.
3 Gras avèk nou, mizerikòd, ak lapè Bondye Papa a, ak Senyè Jezi Kris, Pitit Gason Papa a, nan laverite e nan lanmou.
4 Mwen rejwi anpil dèske mwen jwenn pitit ou yo ap mache nan laverite, jan nou te jwenn kòmandman sa a, de Papa a.
5 E kounye a, m ap sipliye w, madam, nonpa tankou se yon nouvo kòmandman ke m ap ekri w, men, sa ke nou te genyen depi okòmansman an: se pou nou youn renmen lòt.
6 E, se sa ki lanmou an, pou nou mache suiv kòmandman Li yo. Men sa ki kòmandman an, sèke, jan nou te tande depi okòmansman an, nou dwe mache nan li.
7 Paske, anpil moun k ap twonpe moun kontinye ap vini nan lemonn, yo pa konfese ke Jezi te vini nan lachè. Se yon moun k ap twonpe moun, e yon antekris.
8 Fè atansyon, pou nou pa pèdi bagay nou travay pou yo a, men, pouke nou resevwa rekonpans nou, okonplè.
9 Nenpòt moun k ap fè zak rebelyon, e ki pa rete nan ansèyman Kris la, li pa gen Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, li gen e Papa a, e Pitit Gason an.
10 Si ta gen yon moun ki vin kote nou, e ke se pa ansèyman sa a ke li pote, pa resevwa l lakay nou; nitou, pa menm di l orevwa!
11 Paske moun ki di l orevwa a, patisipe nan move zak li yo.
12 Malgre ke m gen anpil bagay pou m ekri w, mwen pa vle ekri yo sou papye ak lank; men mwen kwè ke m ap vin bò kote w, pou nou pale fas a fas, pouke lajwa nou ka okonplè.
13 Pitit sè w la ki Chwazi a, salye w. Amèn!
« 1 Jan 5 2 Jan 3 Jan 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!