Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 3 Jan

Chapit 1

« 2 Jan 1 3 Jan Jid 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Ansyen an, a trè byenneme Gayis, ke mwen renmen nan laverite a.
2 Byenneme, mwen swete plis pase tout bagay, ke w pwospere, e ke w ansante, menm jan ke nanm ou ap pwospere a.
3 Paske mwen rejwi anpil, lè frè yo temwaye de laverite ki nan ou a, e de jan ke w ap mache nan laverite a.
4 Mwen pa gen pi gran lajwa ke pou m tande ke pitit mwen yo ap mache nan laverite.
5 Byenneme, se fidèlman ke w fè sa w fè pou frè yo, ak pou etranje yo;
6 e, se yo menm k ap bay temwayaj devan legliz sou lanmou ke w montre. E, si w ta ba yo pwovizyon pou vwayaj yo a, dapre jan Bondye ta vle sa, ou t ap byen fè.
7 Paske, se pou byennèt non Li, ke yo te fè vwayaj la ; e, yo pa t pran anyen nan men Payen yo.
8 Donk, nou dwe resevwa kalite moun konsa, dekwa pou nou vin patisipan avèk yo pou laverite a.
9 Mwen te ekri legliz la, men, Diyotrèf, ki renmen domine sou yo, pa t resevwa nou.
10 Poutèt sa, si m vini, m ap sonje aksyon li fè yo, nan pale kont nou ak pawòl ki plen mechanste; e, li pa t kontante l ak sa, li pa t resevwa frè yo nonplis ; epi li te derefize lòt moun yo ki te vle fè sa, apresa, li mete yo deyò nan legliz la.
11 Byenneme, pa suiv sa ki mal, men, suiv sa ki byen. Moun k ap fè byen, soti nan Bondye; men, moun k ap fè mal, pa wè Bondye.
12 Tout moun bay bonjan rapò de Demetriyis, e laverite a tou. Wi, nou menm tou, nou bay bon temwayaj de li, e, ou konnen ke temwayaj mwen an se laverite.
13 Mwen gen anpil bagay pou m ta ekri w, men mwen p ap ekri w a lank ak plim;
14 Men, mwen kwè ke talè konsa m ava wè w, e nou va pale fas a fas. Lapè avèk ou! Zanmi nou yo salye w. Salye chak zanmi apa.
« 2 Jan 1 3 Jan Jid 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!