Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Jid

Chapit 1

« 3 Jan 1 Jid Apokalips 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Jid, sèvitè Jezi Kris la, e frè Jak la, a sila yo ki sanktifye pa Bondye Papa a, epi ki prezève nan Jezi Kris, e ki te jwenn apèl.
2 Mizerikòd pou nou, ak lapè, ak lanmou miltipliye.
3 Byenneme, pandan ke mwen t ap prese ekri nou konsènan sali nanm ke nou gen ansanm nan, li te vin nesesè pou mwen ke m ekri nou, e egzòte nou pouke nou lite pou lafwa ke yo te transmèt bay Sen yo yon fwa pou tout la.
4 Paske, gen yon seri mesye ki fofile kò yo antre pami nou; ke kondanasyon yo te fin ekri depi lontan, moun ki san respè pou Bondye, k ap chanje gras Bondye nou an, pou fè l tounen debòch, epi, ki nye sèl Senyè Bondye a, e Mèt nou an, Jezi Kris.
5 Konsa donk, mwen vle fè nou sonje, kwake gen yon lè nou te konn sa, kijan Senyè a ki te fin sove pèp la soti nan Lejip; apre sa, Li te detwi moun ki pa t kwè yo.
6 E, zanj ki pa t kenbe liy yo, men ki te kite pwòp bitasyon yo, Li te kenbe yo anba chenn, anba fènwa, pou jis jijman Gran Jou a.
7 Menm bagay la tou, pou Sodòm ak Gomò, ansanm ak vil ozalantou yo, ki, menm jan ak yo, te lage kò yo nan imoralite seksyèl, epi, ki ta prale deyè lachè ki pa nòmal; yo kanpe la kòm egzanp; yo sibi chatiman dife etènèl la.
8 Se konsa tou, ke mesye sa yo, ki se moun k ap reve bagay degoutan, yo sal kò yo, yo meprize otorite, epi, yo denigre diyitè.
9 Epoutan, Michèl, akanj lan, lè li te opoze l a dyab la, li t ap diskite konsènan kò Moyiz, li pa t oze pote okenn akizasyon, men li te di : Se pou Senyè a chatye w !
10 Epoutan, mesye sa yo ap denigre bagay yo pa konnen, alòske, bagay san reflechi ke yo konnen yo, menm jan ak bèt san konprann, se nan bagay sa yo, ke yo pi pèvèti tèt yo.
11 Malè pou yo! Paske, se chemen Kayen an y al suiv; apre sa, nan fè visye yo pou rekonpans, y al kouri dapre erè Balaham nan, epi, yo peri nan rebelyon Kore a.
12 Mesye sa yo, se degoutan yo ye nan fèt fratènèl nou yo; yo manje vant deboutonnen, san krentif; nyaj san dlo ke van ap bwote, se sa yo ye; pyebwa sezon lotòn ki san fwi, ki sou dezyèm lanmò yo, ki dechouke jis rive nan rasin;
13 vag lanmè dechennen, k ap kimen pwòp wont yo; zetwal filant ke se fènwa tenèb la ki rezève pou yo, pou letènite.
14 Konsa, Enòk, li menm tou, setyèm apre Adan, li te pwofetize sou yo, li te di: Men li, Senyè a ap vini ak dis fwa plizyè milye nan Sen Li yo,
15 pou Li egzekite jijman sou tout moun, e pou Li bay tout moun ki san respè pou Bondye pami yo, prèv de zak derespektan anegad Bondye ke yo te komèt malonètman, ansanm ak tout enpètinans nan pawòl ke moun ki san respè pou Bondye yo te di kont Li.
16 Moun sa yo, se moun k ap pale anba chal, k ap plenyen, k ap mache dapre pwòp dezi pa yo; e, se moun k ap fè grandizè ak bouch yo, epi, ki admire moun poutèt avantaj yo ka tire.
17 Men, byenneme, se pou nou sonje pawòl ke apot Senyè Jezi Kris yo te di davans yo;
18 kijan yo te di nou, ke va gen fawouchè nan dènye tan yo, ki va mache dapre pwòp move dezi pa yo ki san respè anegad Bondye.
19 Se yo menm k ap kreye divizyon, se sans yo k ap fonksyone ase, yo pa gen Lespri a.
20 Men nou menm, byenneme, se pou nou bati lafwa nou sou fondasyon lafwa nou genyen ki pi sen an, se pou nou lapriyè pa mwayen Lespri Sen an,
21 se pou nou kenbe tèt nou nan lanmou Bondye, pandan ke n ap tann mizerikòd Senyè nou an Jezi Kris, pou rive nan lavi etènèl.
22 E, pou kèk ladan yo, se pou nou gen konpasyon, pou nou fè yon diferans;
23 e, gen lòt, se pou nou sove yo ak krentif; se pou nou rape yo soti nan dife a; se pou nou rayi menm rad la ki tache ak lachè a.
24 Kounye a, a Sila ki kapab anpeche nou chite a, e, pou nou parèt san fot nan prezans laglwa Li a, ak yon lajwa ki depase limit;
25 a sèl Bondye ki saj la, Sovè nou an; se pou Li glwa ak majeste, otorite ak puisans ye, kounye a, e pou tout tan. Amèn.
« 3 Jan 1 Jid Apokalips 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!