Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Apokalips

Chapit 6

« Apokalips 5 Apokalips Apokalips 7 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Mwen wè lè Ànyo a kase youn nan sèt sele yo; epi m tande, tankou w ta di bwi loraj; youn nan kat kreyati vivan yo ki di: Vin gade!
2 Epi mwen gade, twouve se te yon cheval blan, e sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l, epi yo ba li yon kouwòn, epi li derape sou chemen laviktwa pou l gen laviktwa.
3 Ansuit, lè Ànyo a kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: Vin gade!
4 Epi, yon lòt cheval te derape, koulè l te wouj; e, yo te bay sila ki chita sou li a pouvwa pou l wete lapè sou latè a, e pou moun yo youn tiye lòt; epi yo te ba l men gwosè yon epe.
5 E lè Ànyo a kase twazyèm sele a, mwen tande twazyèm kreyati vivan an di: Vin gade! E mwen gade, twouve se te yon cheval nwa, e sila ki te chita sou li a te gen yon pè balans nan men l.
6 Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat kretati vivan yo ki di: Yon mezi ble pou yon denye, twa mezi lòj pou yon denye, epi pa fè luil ak diven anyen mal.
7 Ansuit, lè Ànyo a kase katriyèm sele a, mwen tande vwa katriyèm kreyati vivan an ki di: Vin gade!
8 E mwen gade, twouve se te yon cheval koulè vèt pal; e, non sila ki te chita sou li a se te Lanmò; lanfè t ap mache dèyè l. Yo te ba yo pouvwa sou yonka latè a, pou yo tiye moun ak epe, ak grangou, ak lanmò e ak bèt sovaj yo ki sou latè a.
9 Epi, lè Ànyo a kase senkyèm sele a, anba lotèl la, mwen wè nanm moun yo te tiye poutèt Pawòl Bondye a e poutèt temwayaj yo te kenbe a.
10 E yo rele byen fò, yo di: Konbyen tan k ap pase ankò, O Senyè, Ou menm ki sen, Ou menm ki vre, san ke W pa jije e vanje san nou sou moun yo ki abite sou latè a?
11 Epi, yo distribye wòb blan ba yo tout, e yo te di yo pou yo repoze yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ke yo va tiye menm jan avè yo a, vin okonplè.
12 Epi, mwen wè lè Ànyo a kase sizyèm sele a, twouve se yon gwo tranblemanntè ki fèt; e, solèy la te vin tou nwa tankou yon sak an plim bèt, e lalin nan vin tankou san.
13 Epi, zetwal yo nan syèl la tonbe sou latè, tankou w ta di se yon pye fig frans k ap lage fig vèt atè lè li gen yon gwo van k ap souke l.
14 Epi, syèl la wete kò l tankou yon woulo papye lè w lage l pou li woule fè youn; e tout mòn yo ak tout zile yo deplase soti nan plas yo.
15 Lè sa a, wa ki sou latè yo, gwo zotobre yo, moun rich yo, chèf militè yo, moun opouvwa yo, tout esklav ak tout moun lib, yo tout al kache tèt yo anndan gwòt yo ak nan wòch ki nan mòn yo.
16 Epi, yo di mòn yo ak wòch yo: Tonbe sou nou, kache nou devan je Sila ki chita sou twòn nan, e devan kòlè Ànyo a;
17 paske gran jou kòlè L la rive. E kiyès k ap kapab kanpe?
« Apokalips 5 Apokalips Apokalips 7 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!