Liv Apokalips
Chapit 12
1
Apre sa, yon gwo mèvèy te parèt nan syèl la: se yon fanm ki abiye ak solèy la, lalin nan te anba pye l, e sou tèt li te gen yon kouwòn douz zetwal;
2
e, kòm li te ansent, li t ap rele, anba tranche, ak doulè pou l te akouche.
3
Epi, te vin gen yon lòt mèvèy ki parèt nan syèl la; twouve se te yon gwo dragon wouj, ki te gen sèt tèt ak dis kòn, e sèt kouwòn sou tèt li yo.
4
Epi, ke li rale yon tyè nan zetwal ki nan syèl la, e li lage yo sou latè. Lèfini, dragon an kanpe devan fanm ki te pre pou l akouche a, dekwa pou l devore pitit li a yonfwa l te fin pran nesans.
5
Epi, fanm nan akouche yon pitit gason, ki gen pou li dirije tout nasyon yo avèk yon baton an fè. Epi yo pote pitit li a bay Bondye e nan twòn Li an.
6
Alèkile, fanm lan sove ale nan dezè a, kote li te gen yon plas ke Bondye te pare pou li, pou yo ka ba l manje la pandan mildesanswasant jou.
7
Epi, te vin gen yon lagè nan syèl la; Michèl ak zanj li yo te batay kont dragon an; e dragon an batay ak zanj pa l yo;
8
men, li pa t ka genyen, e nonplis tou, yo pa t gen plas yo nan syèl la ankò.
9
Konsa donk, yo chase gwo dragon an deyò, ansyen sèpan sa a, ke yo rele dyab la, ak Satan, li menm ki te twonpe lemonn antye a. Yo chase l anba sou latè, e yo chase zanj li yo anba ansanm avè l.
10
Epi, mwen tande yon vwa nan syèl la ki di byen fò: Kounye a, sali pou nanm moun nan rive ansanm ak fòs, ak wayòm Bondye nou an, ak pouvwa Kris Li a; paske akizatè frè nou yo chase anba, li menm ki t ap akize yo devan Bondye nou an lajounen kou lannuit.
11
E yo te gen laviktwa sou li, pa mwayen san Ànyo a, e pa mwayen pawòl temwayaj yo a; epitou, yo pa t renmen lavi yo menm anfas ak lanmò.
12
Konsa donk, se pou nou rejwi, nou menm syèl yo, ak sila ki abite nan yo a! Malè pou sila yo ki abite sou latè a ak nan lanmè a, paske dyab la desann vin jwenn nou; l ap fè gwo kòlè, paske li konnen se yon ti tan tou kout li rete.
13
Alèkile, lè dragon an wè ke yo te chase l desann sou latè a, li pèsekite fanm ki te fè pitit gason an.
14
Men, yo te bay fanm lan de zèl gwo èg, dekwa pou l te ka vole al nan dezè a, nan plas li a, kote y ap ba l manje pandan yon tan, plizyè tan, ak mwatye yon tan, lwen prezans sèpan an.
15
Alò, sèpan an voye jete yon dlo sot nan bouch li ou ta di yon delij dèyè fanm nan, pou l te lakòz dlo delij la bwote l ale.
16
Men, tè a ede fanm lan; e, tè a louvri bouch li, li vale dlo delij dragon an te voye jete sot nan bouch li a.
17
Epi, dragon an te fache anpil kont fanm lan, e l al fè lagè ak rès desandans fanm lan, ki se moun k ap obeyi kòmandman Bondye yo, e ki gen temwayaj Jezi Kris la.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!