Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Apokalips

KJV Kreyòl

Chapit 1 Revelasyon Jezi Kris la, ke Bondye te ba Li pou montre sèvitè L yo bagay ki gen pou rive talè konsa. E Li voye zanj Li, e Li sètifye revelasyon an bay Jan, sèvitè Li a. Se Jan...Chapit 2 Bay zanj legliz nan Efèz la, ekri sa: Bagay sa yo, se Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, e k ap mache nan mitan sèt chandelye ann ò yo ki di yo: Mwen konn zèv ou yo,...Chapit 3 Epi, bay zanj legliz nan Sad la, ekri sa: Bagay sa yo, se Sila ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo ki di yo: Mwen konn travay ou yo; ke w pote non kòmkwa w vivan, alòske...Chapit 4 Apre sa, mwen gade, epi twouve te gen yon pòt ki louvri nan syèl la; epi, premye vwa ke m te tande a, ki tankou yon twonpèt la, pale avè m, li di: Monte vin isit la, e mwen pral...Chapit 5 Ansuit, nan men dwat Sila ki chita sou twòn nan, mwen wè yon liv ki te ekri sou anndan ak sou deyò, e li te sele ak sèt sele. Mwen wè yon zanj puisan ki t ap pwoklame ak yon vwa...Chapit 6 Mwen wè lè Ànyo a kase youn nan sèt sele yo; epi m tande, tankou w ta di bwi loraj; youn nan kat kreyati vivan yo ki di: Vin gade! Epi mwen gade, twouve se te yon cheval blan,...Chapit 7 Apre bagay sa yo, mwen wè kat zanj ki kanpe nan kat kwen latè a, yo te kenbe kat van latè yo, dekwa pou van pa soufle ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. Epi, mwen...Chapit 8 Epi, lè Ànyo a kase setyèm sele a, te gen silans nan syèl la pandan demi èdtan konsa. Ansuit, mwen wè sèt zanj yo ki te kanpe devan Bondye a; e, yo te lonje sèt twonpèt ba yo....Chapit 9 Lèfini, senkyèm zanj lan sonnen, epi, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè; e li menm, yo te ba l kle twou san fon an. E, li louvri twou san fon an, e te gen yon lafimen...Chapit 10 Apre sa, mwen wè yon lòt zanj puisan desann sot nan syèl la; li te abiye ak yon nyaj, e yon lakansyèl te anlè sou tèt li, epi figi l te tankou solèy la, e pye l te tankou pilye...Chapit 11 Ansuit, yo ban m yon wozo ki sanble ak yon baton; epi zanj lan kanpe, li di m: Leve, epi mezire tanp Bondye a, ak lotèl la, ak moun yo k ap adore anndan l nan. Men, lakou ki padeyò...Chapit 12 Apre sa, yon gwo mèvèy te parèt nan syèl la: se yon fanm ki abiye ak solèy la, lalin nan te anba pye l, e sou tèt li te gen yon kouwòn douz zetwal; e, kòm li te ansent, li t ap...Chapit 13 Apre sa, mwen te kanpe sou sab lanmè a, epi mwen wè yon bèt leve sot nan lanmè a; li te gen sèt tèt ak dis kòn; e, sou dis kòn yo te gen dis kouwòn; e, sou sèt tèt li yo te gen...Chapit 14 Ansuit, mwen gade, epi men li, yon Ànyo te kanpe sou Mòn Siyon an; e, avèk Li te gen sankarantkatmil moun ki te gen non Papa L ekri nan fwon yo. Epi, m tande yon vwa sot nan syèl...Chapit 15 Epi, mwen wè yon lòt siy nan syèl la, yon gwo bagay, yon mèvèy: sèt zanj ki te gen sèt dènye kalamite yo; paske se yo menm ki te plen ak kòlè Bondye a. Ansuit, mwen wè kòmsi w...Chapit 16 Ansuit, mwen tande yon gwo vwa soti nan tanp lan, ki di sèt zanj yo: Ale nan wout nou; epi, vide bòl kòlè Bondye yo sou latè. Konsa donk, premye a ale, e li vide bòl pa l la sou...Chapit 17 Apre sa, gen youn nan sèt zanj ki te gen sèt bòl yo, ki vin pale avè m, li di m konsa: Vin isit; mwen pral montre w jijman gwo pwostitye a ki chita sou plizyè dlo yo; se avè l...Chapit 18 E, apre bagay sa yo, mwen wè yon lòt zanj desann sot nan syèl; li te gen gwo pouvwa, e latè te klere ak glwa li. Epi, li rele byen fò avèk yon gwo vwa, li di: Babilòn ki gran an...Chapit 19 Apre bagay sa yo, mwen tande bwi vwa anpil moun nan syèl la, k ap di: Alelouya! Sali nanm moun, ak glwa, ak onè, ak pouvwa, se pou Senyè Bondye nou an yo ye! Paske, jijman L yo...Chapit 20 Epi, mwen wè yon zanj desann sot nan syèl la, li te gen kle twou san fon an ak yon gwo chenn nan men l. Epi, li kenbe dragon an, ansyen sèpan sa a, ki se dyab la, e Satan; lèfini,...Chapit 21 Ansuit, mwen wè yon nouvo syèl ak yon nouvo tè; paske premye syèl la ak premye tè a te fin pase; epi, pa t gen lanmè ankò. Epi, mwen menm Jan, mwen wè vil sent lan, nouvo Jerizalèm...Chapit 22 Apre sa, li montre m yon larivyè pirifye dlo lavi, klè tankou kristal, ki te soti nan twòn Bondye a ak Ànyo a. Nan mitan lari vil la, e sou toude bò rivyè a te gen pyebwa lavi...
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!