Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Jan

KJV Kreyòl

Chapit 1 Okòmansman, Pawòl la te la, e, Pawòl la te avèk Bondye; e, Pawòl la te Bondye. Pawòl la te avèk Bondye, okòmansman. Tout bagay te kreye gras a Li; e, san Li menm, pa t gen anyen...Chapit 2 Nan twazyèm jou a, te gen yon maryaj nan Kana, ki nan Galile; e, manman Jezi te la. E, Jezi ak disip Li yo, toulède te envite nan maryaj la. Epi, lè yo te vin bezwen diven, manman...Chapit 3 Te genyen yon nonm pami Farizyen yo ki te rele Nikodèm, yon dirijan Juif yo; se li menm ki te vin bò kote Jezi lannuit lan, epi, li te di Li: Rabi, nou konnen ke W se yon pwofesè...Chapit 4 Konsa, lè Senyè a konnen ke Farizyen yo te tande ke Jezi t ap fè e te batize plis disip pase Jan; alò, Jezi Li menm pa t batize moun non; men, se disip Li yo; Li kite Jide, e,...Chapit 5 Apre sa, te vin genyen yon fèt Juif ki te rive, epi, Jezi te monte Jerizalèm. Alò, bò mache mouton an, te gen yon pisin, ki nan lang Ebre te rele Betesda; li te gen senk galeri....Chapit 6 Apre bagay sa yo, Jezi ale lòt bò Lanmè Galile, ki se lanmè Tiberyad. Epi, yon gwo foul moun te suiv Li, poutèt yo te wè bann mirak Li yo ke Li te fè sou moun ki te malad yo. Ansuit,...Chapit 7 Apre bagay sa yo, se nan Galile Jezi te mache, paske Li pa t mache nan Jide, poutèt Juif yo t ap chèche tiye L. Lè sa a, fèt Juif yo, fèt Tabènak la, te vanse rive. Alò, frè Li...Chapit 8 Jezi te monte al Mòn Oliv. Epi, granmmaten, Li te retounen nan tanp lan; e, tout pèp la te pwoche bò kote L; epi, Li chita, e Li anseye yo. Se konsa pwofesè lalwa yo ak Farizyen...Chapit 9 Apre sa, pandan Jezi t ap pase, Li wè yon nonm ki te avèg depi l fèt; epi, disip Li yo mande Li, yo di: Mèt, kiyès ki te peche, nonm sa a, oswa paran li, ki fè ke l fèt tou avèg...Chapit 10 Anverite, anverite, M ap di nou sa, yon moun ki pa pase nan pòt la pou l antre nan pak mouton an; men, ki grenpe pase yon lòt jan; Li menm, se yon volè ak yon pyajè ke l ye. Men,...Chapit 11 Kounye a menm, te genyen yon nonm ki te malad, misye te rele Laza, moun Betani, vil kote Mari ak Mat, sè li a, te moun nan. (Se Mari sa a ki te onksyone Senyè a ak pafen an, lèfini,...Chapit 12 Apre sa, sis jou anvan fèt Pak la, Jezi vini nan Betani, kote Laza te ye a, li menm ki te mouri, epi ke Jezi te resisite pami mò yo a. La a, yo te pare yon soupe pou Li; men, Laza...Chapit 13 Kounye a menm, anvan fèt Pak la, difèt ke Jezi te konnen ke lè Li te rive kote ke L dwe pati kite monn sa a e tounen al jwenn Papa a; e difèt ke Li te renmen moun Li yo ki te nan...Chapit 14 Pinga kite kè nou twouble, kwè nan Bondye, e kwè nan Mwen tou. Lakay Papa M nan gen anpil gwo kay, si se pa t sa, Mwen t ap di nou. Mwen prale pou M pare yon plas pou nou. E,...Chapit 15 Mwen se vre pye rezen an, epi, Papa M se kiltivatè a. Chak branch nan Mwen ki pa donnen fwi, Li koupe l jete; alòske, chak branch ki donnen fwi, Li netwaye li, dekwa pou li ka...Chapit 16 Bagay sa yo, Mwen di nou yo, pou ke nou pa ta chite. Yo va gen pou mete nou deyò nan sinagòg; wi, gen yon lè k ap vini, kote nenpòt moun ki tiye nou ap panse ke se Bondye l ap...Chapit 17 Se pawòl sa yo ke Jezi te di; lèfini, Li leve je L anlè nan syèl la, epi Li di: Papa, lè a rive; glorifye Pitit Gason W lan, konsa, Pitit gason w lan va kapab glorifye Ou tou....Chapit 18 Kou Jezi fin di pawòl sa yo, Li vanse ale ak disip Li yo lòt bò Ravin Sedwon an, kote k te gen yon jaden; Li antre ladan l ak disip Li yo. Jida Li menm tou, sila ki te trayi Li...Chapit 19 Lè sa a atò, Pilat pran Jezi, epi l fè bat Li. Lèfini, sòlda yo te trese pikan fè yon kouwòn, epi, yo mete nan tèt Li; ansuit, yo met yon manto wouj vyolèt sou Li. Epi yo t ap...Chapit 20 Nan premye jou semèn nan, Mari, moun Magdala a, vin byen bonè nan kavo a; te fè nwa toujou lè a; epi, li wè ke wòch la te deplase sot devan kavo a. Alò, li kouri, e li vin kot...Chapit 21 Apre bagay sa yo, Jezi te montre tèt Li bay disip yo nan Lanmè Tiberyad la; e, men kijan Li te montre tèt Li a: Te gen gwoup mesye sa yo ki te ansanm: Simon Pyè ak Toma ki te rele...
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!