Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Matye

KJV Kreyòl

Chapit 1 Liv orijin Jezi Kris, Pitit Gason David la, Pitit Gason Abraram nan. Abraram te fè Izarak, Izarak te fè Jakob, Jakòb te fè Jida ak lòt frè l yo. Jida menm te fè Perèz ak Zara....Chapit 2 Alò, lè Jezi te fèt nan Bètleyèm nan rejyon Jide a, nan tan wa Ewòd la, twouve ke kèk maj, ki te soti nan zòn lès la, antre Jerizalèm. Yo t ap di: Kibò l ye, wa Jwif ki fèt la?...Chapit 3 Nan jou sa yo, Jan Batis te vini, li t ap preche nan dezè Jide a, li t ap di: Repanti, paske wayòm Bondye a pre rive! Paske, se de li menm ke pwofèt Ezayi te pale a, lè li te di:...Chapit 4 Apre sa, Jezi te kondui pa Lespri a nan dezè a, pou ke Li tante pa dyab la. E, lè ke Li te jene pandan karant jou, karant nuit, Li te vin grangou. Alò, lè Tantatè a vin kote L,...Chapit 5 Alèkile, lè Li wè foul moun nan, Li monte sou yon mòn, epi lè L chita, disip Li yo vin jwenn Li, e, Li pran lapawòl, Li anseye yo, Li di: Moun ki pòv nan lespri yo, se moun beni,...Chapit 6 Fè atansyon pou nou pa fè lacharite nou devan lèzòm pou yo ka wè nou; si se pa sa, nou pa gen okenn rekonpans bò kote Papa nou ki nan syèl la. Konsa, lè n ap fè lacharite nou,...Chapit 7 Pa jije, dekwa pou yo pa jije nou. Paske se ak jijman ke w jije a, ke yo va jije w tou; e, se ak mezi ke w mezire a ke yo va mezire ba ou tou. Epi, poukisa w ap gade pay ki...Chapit 8 Lè Li t ap desann sot sou mòn nan, yon gwo foul moun te suiv Li. Epi, twouve vin gen yon nonm ki te gen lalèp, ki koube devan L pou adore Li, epi li di: Senyè, si se volonte W,...Chapit 9 Epi, Li anbake nan yon kannòt, Li travèse, epi Li vin rive nan pwòp vil pa L la. E, twouve yo mennen ba Li yon nonm ki malad paralize, kouche sou yon kabann; e Jezi ki wè lafwa...Chapit 10 Epi, apre ke L te rele douz disip Li yo vin jwenn Li, Li ba yo pouvwa kont move lespri, pou yo ka chase yo, epi pou yo geri tout kalite maladi ak tout sòt enfimite. Kounye a, men...Chapit 11 Apre sa, lè Jezi fin pase lòd bay douz disip Li yo, Li pati kite kote Li te ye a pou L al anseye e preche nan vil yo. Kounye a, nan prizon an, lè Jan te vin tande travay Kris yo,...Chapit 12 Alèkile, Jezi t ap travèse yon chan ble nan yon jou Saba, e, disip Li yo te grangou, epi yo kòmanse rache grap ble pou yo manje. Men, lè Farizyen yo wè sa, yo di Li: Gade disip...Chapit 13 Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, epi Li chita bò lanmè a. Epi, yon gwo foul moun te rasanble toutotou L, ki fè ke L al monte sou yon kannòt pou L chita, epi tout foul la te...Chapit 14 Nan tan sa a, Ewòd, tetrak la, te tande renome Jezi, Epi, li di sèvitè li yo: Se Jan Batis wi! Li resisite pami mò yo; se konsa gwo mirak sa yo ap fèt pa li menm. Puiske se Ewòd...Chapit 15 Apre sa, pwofesè Lalwa ak Farizyen ki te sot Jerizalèm, vin bò kote Jezi, yo di Li, Poukisa disip Ou yo ap vyole tradisyon Ansyen yo? Paske yo pa lave men yo lè y ap manje pen....Chapit 16 Farizyen yo, ak Sadiseyen yo tou, te vini, yo te vle tante Jezi, yo mande L pou L fè yo wè yon siy ki soti nan syèl. Li reponn, Li di yo: Lè aswè rive, nou di: ap fè bon tan, paske...Chapit 17 E, si jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè li; Li mennen yo sou tèt yon mòn byen wo, pou kont yo. Epi Li chanje figi devan yo, e, vizaj Li te klere kou solèy, e, rad Li...Chapit 18 Menm lè sa a, disip yo vini bò kot Jezi, yo mande: Kiyès ki pi gran nan wayòm syèl la? Alò, Jezi rele yon timoun piti, Li mete nan mitan yo, epi, Li di: Anverite Mwen di nou sa,...Chapit 19 Epi, sa ki vin rive sèke lè Jezi fin di pawòl sa yo, Li kite Galile, Li vin nan zòn Jide, sou lòt bò Jouden an. E, foul moun yo t ap suiv Li, epi Li geri yo la. Farizyen yo te...Chapit 20 Paske wayòm syèl la, se tankou yon nonm ki se yon pwopriyetè, ki soti bonè nan maten pou anplwaye travayè nan jaden rezen l lan. E, lè li fin dakò ak travayè yo pou yon denye...Chapit 21 Epi, lè yo te rive pre Jerizalèm, e yo te antre Betfaje, nan Mòn Oliv, alò, Jezi voye de disip, Li di yo konsa: Ale nan bouk ki anfas nou la a, e dwat devan nou, n ap jwenn yon...Chapit 22 Epi Jezi reponn, e Li pale ak yo an parabòl ankò, Li di: Wayòm syèl la se tankou yon wa ki pare nòs pitit gason li. Epi, li voye sèvitè li yo al rele moun ki te envite nan nòs...Chapit 23 Apre sa, Jezi pale ak foul la, e ak disip Li yo, Li di: Pwofesè Lalwa yo ak Farizyen yo chita sou chèz Moyiz la. Alò, tousa, ke yo mande nou pou n obsève, se pou n obsève l, e...Chapit 24 Apre sa, Jezi soti, Li ale kite tanp lan, epi, disip Li yo vin bò kote L, pou yo montre L pòsyon nan konstriksyon tanp lan. E, Jezi di yo: Nou wè tout bagay sa yo? Anverite Mwen...Chapit 25 Lè sa a, wayòm syèl la va sanble ak dis fi vyèj ki pran lanp yo, epi ki al devan pou rankontre Lemarye a. E, senk nan yo te saj, epi, senk lòt yo te egare. Sa ki egare yo pran...Chapit 26 Epi, sa ki vin rive, lè Jezi te fin di tout pawòl sa yo, Li di disip Li yo: Nou konnen nan de jou, se va fèt Pak la, epi, Pitit Gason Lòm nan ap livre pou yo krisifye L. Apre sa,...Chapit 27 Lè maten an vin rive, tout sakrifikatè an chèf yo, ak Ansyen yo pami pèp la pran pozisyon kont Jezi, pou kondane L amò. E, lè yo fin mare L, yo mennen L ale, epi yo livre L bay...Chapit 28 Nan fen Saba a, lè avanjou kòmanse pèse nan premye jou semèn nan, Mari moun Magdala ak lòt Mari a te vin wè tonm lan. Epi, twouve te vin gen yon gwo tranblemanntè; paske Zanj Senyè...
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!