Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Women

KJV Kreyòl

Chapit 1 Pòl, yon sèvitè Jezi Kris, ki te aple pou vin apot, ki te separe apa pou levanjil Bondye a, (ke Li te pwomèt davans pa mwayen pwofèt Li yo, nan ekriti sent yo) Osijè de Pitit Gason...Chapit 2 Kidonk, ou sanzeskiz, O lòm, kèlkeswa moun ke w ye a, k ap jije; paske nan sa w ap jije yon lòt moun lan, ou kondane tèt ou; puiske ou menm k ap jije a w ap fè menm bagay yo. Men,...Chapit 3 Ki avantaj Jwif la genyen menm? Oswa, ki pwofi ki genyen nan sikonsizyon an? Tout jan w gade l, li anpil; toudabò, difèt ke se te nan men yo ke ekriti Bondye yo te konfye a. Bon,...Chapit 4 Kisa menm nou va di ke Abraram, zansèt nou an daprè lachè a, te jwenn? Paske, si Abraram te jistifye poutèt zèv li, ebyen, li t ap gen dekwa pou li vante tèt li; men, se pa devan...Chapit 5 Konsa donk, difèt ke nou jistifye pa lafwa a, nou gen lapè ak Bondye pa mwayen Senyè nou an Jezi Kris. Se pa mwayen Li menm tou pa lafwa, ke nou gen aksè a gras sa ke nou kanpe...Chapit 6 Kisa nou va di alò? Èske nou va kontinye nan peche, pou gras la debòde? Mande Bondye padon non! Kòman pou nou menm ki mouri pa rapò ak peche, t a vin viv ladan l toujou? Èske nou...Chapit 7 Èske nou pa konnen, frè yo, (paske, se ak moun ki konn lalwa m ap pale) ke se toutotan yon moun ap viv, lalwa gen pouvwa sou li? Paske, fanm nan ki gen yon mari a, li lye daprè...Chapit 8 Kounye a alò, pa gen okenn kondanasyon pou moun yo ki nan Kris Jezi, yo menm ki p ap mache daprè lachè, men pito, daprè Lespri a. Paske, lalwa Lespri lavi a, pa mwayen Kris Jezi,...Chapit 9 M ap di laverite nan Kris, mwen pa p bay manti; konsyans mwen se temwen m tou nan Lespri Sen an, ke m gen gwo pwa lou ak yon tristès san rete sou kè mwen, paske m ta prefere ke...Chapit 10 Frè yo, dezi kè mwen, e lapriyè mwen a Bondye pou Izrayèl, se pou yo tout ta sove. Paske, m ap bay temwayaj sa a de yo, sèke yo gen gwo devouman pou Bondye; men, se pa daprè konesans....Chapit 11 Alò, mwen mande: Èske se lage Bondye lage pèp Li a? Mande Bondye padon non! Paske, mwen menm tou, mwen se yon Izrayelyen, pami desandans Abraram nan, e ki soti nan tribi Benjamen...Chapit 12 Poutèt sa, m ap ankouraje nou, frè yo, daprè mizerikòd Bondye yo, pou nou prezante kò nou tankou yon sakrifis vivan, ki sen, ki akseptab devan Bondye; se va yon sèvis ki rezonab...Chapit 13 Se pou tout moun soumèt a otorite ki anlè tèt yo. Paske, pa gen okenn otorite apa de sa ke Bondye bay; e, otorite ki ekziste yo, se Bondye ki tabli yo. Kidonk, nenpòt moun ki reziste...Chapit 14 Sila a ki fèb nan lafwa a, ou va resevwa l, men se pa pou ke w antre nan diskisyon de dout ke l genyen yo. Pa egzanp, youn kwè ke l gen dwa manje tout bagay; yon lòt, ki fèb, manje...Chapit 15 Kidonk, nou menm ki fèm yo dwe sipòte feblès fèb yo, olye pou se tèt nou ke n ap fè plezi. Se pou chak moun pami nou menm sèvyab ak pwochen l pou byen l, sa ki va edifye l. Paske...Chapit 16 Mwen rekòmande ban nou, Febe, sè nou, ki se yon sèvant nan legliz ki nan Sankre a; pouke nou resevwa li nan Senyè a, jan sen yo merite sa a; epi, pou nou ba li asistans nan kèlkeswa...
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!