Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Zèv Apot Yo

KJV Kreyòl

Chapit 1 Rapò ke mwen te ekri anvan an, O Teyofil, li te pale alafwa de tout bagay ke Jezi Kris te kòmanse fè yo, de sa ke Li t ap anseye, jis rive nan jou kote ke Li te anlve anlè a; apre...Chapit 2 Lè Jou Pannkòt la te fin rive, nan tèt ansanm, yo tout te nan menm kote a; epi, sibitman, te gen yon bwi ki soti nan syèl la, ou ta di yon gwo van k ap soufle; e, li ranpli tout...Chapit 3 Yon lè, Pyè ak Jan te monte nan tanp lan ansanm nan lè lapriyè a, ki se nevyèm è a. Epi, te gen yon nonm enfim depi nan vant manman l ke kèk moun t ap pote; yo te depoze misye...Chapit 4 Pandan ke yo t ap pale ak moun yo, twouve ke sakrifikatè yo, kòmandan tanp lan, ak Sadiseyen yo parèt sou yo, paske yo te fache dèske de mesye yo t ap anseye moun yo; epi, ke pa...Chapit 5 Men, yon nonm yo te rele Ananyas, ak madanm li, Safira, te vann yon pwopriyete, epi li sere yon pati nan pri a, madanm nan te okouran de sa tou; lèfini, misye pote yon pòsyon nan...Chapit 6 Nan jou sa yo, pandan ke kantite disip yo t ap miltipliye, te vin gen yon wounou wounou ki leve lakay Elenis yo kont Ebre yo, palefèt ke vèv pa yo te neglije nan separasyon ki...Chapit 7 Lè sa a, Sakrifikatè souvren an di: Èske sa y ap di la a yo, se vre? Alò, Etyèn reponn: Mesye yo, frè yo, ak gran paran yo, koute: Bondye laglwa a te parèt devan papa nou Abraram...Chapit 8 E, Sòl te konsanti nan lanmò li a. Nan tan sa a, te gen gwo pèsekisyon kont legliz la ki Jerizalèm nan; kifè ke yo te gaye andeyò, toupatou nan zòn Jide ak Samari yo; eksepte pou...Chapit 9 Men, Sòl, ki te kontinye ap respire lodè menas ak asasinay kont tout disip Senyè a, misye al kote sakrifikatè souvren an, epi li mande li lèt pou Damas ak sinagòg yo pou ke si...Chapit 10 Te gen yon nonm nan Sezare yo te rele Kònèy, yon santenye nan batayon ki te rele batayon Italyen an. Se te yon nonm devwe; e, youn ki te gen krentif pou Bondye, li menm ansanm...Chapit 11 Epi, apot yo ak frè yo ki te nan Jide yo te tande ke Payen yo te resevwa Pawòl Bondye a tou. Se konsa ke lè Pyè vin monte Jerizalèm, mesye nan gwoup moun sikonsizyon yo antre nan...Chapit 12 Alèkile, vè epòk sa a, Ewòd, wa a, te lonje men l pou li maltrete kèk manm legliz la. Se konsa li tiye Jak, frè Jan an ak kout epe. Epi, difèt ke misye te wè ke sa te fè Juif yo...Chapit 13 Alèkile menm, nan legliz ki te Antyòch la te gen yon rado pwofèt ak anseyan; tankou Banabas, ak Simeyon ki te rele Nèg, ak Lisiyis moun Sirèn, ak Manayèn ki te elve ak Ewòd tetrak...Chapit 14 Alèkile, nan Ikòn sa te vin rive ke yo toude ansanm te ale nan sinagòg Juif yo; epi, jan yo te pale a te lakòz anpil moun te kwè, e pami Juif yo, e pami Grèk yo tou. Men, Juif...Chapit 15 Apre sa, te vin gen kèk mesye ki te desann sot nan Jide ki t ap anseye frè yo; e, yo t ap di: Eksepte si nou sikonsi dapre metòd Moyiz la, nou pa kapab sove. Kidonk, se pa ti deba...Chapit 16 Apre sa, misye vin rive Dèb ak Lis; epi twouve ke te gen yon sèten disip ki te la, ki te rele Timote; se te pitit gason yon dam Juif ki te kwayan; men, papa misye te yon Grèk....Chapit 17 Kounye a la, apre ke yo fin travèse Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan Tesalonik; te genyen yon sinagòg Juif la. E Pòl, jan abitid li te ye a, ale kote yo, epi li rezone ak yo sou...Chapit 18 Apre bagay sa yo, Pòl pati kite Atèn, e li vin Korent; epi, misye rankontre ak yon sèten Juif yo rele Akilas, se te yon moun Pon ki te fèk rantre sot Itali ak madanm li, Prisil...Chapit 19 Sa te vin rive ke pandan Apolòs te Korent lan, Pòl, ki te pase atravè kot ki anlè yo, te vin rive Efèz; epi, misye rankontre kèk disip. Li di yo konsa: Èske nou resevwa SentEspri...Chapit 20 Apre ke eskandal la te vin sispann, Pòl voye rele disip yo vin kote l, epi li ba yo akolad, lèfini li pati pou l ale nan Masedwàn. Ansuit, lè l te fin travèse zòn sa yo e ke l...Chapit 21 Epi, sa vin rive ke apre nou te fin al kite yo a, e ke nou te derape, nou te gen yon wout dwat pou ale Kòs; e, nan demen nou rive Wòd; lèfini, de la etan, nou rive Patara. Apre...Chapit 22 Mesye yo, frè yo ak papa yo, koute sa m ap di pou defann mwen kounye a devan nou. Alèkile, lè yo tande ke se nan lang Ebre li pale avèk yo, yo te fè plis silans toujou; epi, li...Chapit 23 Alèkile, pandan Pòl fikse je l sou Konsèy la, li di: Mesye yo e frè yo, m viv avèk tout bon konsyans mwen devan Bondye jis jounen jodi a. Epi, Ananyas, sakrifikatè souvren an,...Chapit 24 Epi, senk jou apre sa, Ananyas, sakrifikatè souvren an, desann ak ansyen yo e avèk yon sèten paladò ki te rele Tètilis ki te fè deklarasyon plent kont Pòl la devan gouvènè a. Alèkile,...Chapit 25 Alèkile, lè Festis te fin rive nan pwovens lan, apre twa jou, misye monte sot Sezare pou l al Jerizalèm. Alò, sakrifikatè souvren an ak chèf Juif yo pote plent ba li kont Pòl;...Chapit 26 Alèkile, Agripa di Pòl konsa: Ou gen pèmisyon pou w pale defann tèt ou. Alò, Pòl lonje men l, epi li reponn konsa pou defann tèt li: Mwen konsidere ke m kontan, wa Agripa, difèt...Chapit 27 Alèkile, lè yo te deside ke nou dwe pran bato pou n ale Itali, yo livre Pòl ak yon kantite lòt prizonye nan men yon nonm ki rele Jiliyis, ki te santenye nan rejiman Samajeste a....Chapit 28 Epi, se lè yo te fin chape ke yo te aprann ke zile a te rele Malta. E, se pa t ak ti kras jantiyès pèp baba a te resevwa nou; paske, yo te limen yon dife pou yo te resevwa nou...
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!